Categories: AN KREYÒL

Gang yo riske pran kontwòl tout Ayiti daprè Anbasadè Bocchit Edmond

Share

Anbasadè Ayiti nan Washington Bocchit Edmond mande pou gen akselerasyon ki fèt nan dosye entèvansyon fòs militè etranje an Ayiti a, sinon gang ame yo ap okipe tout teritwa a nan yon bat je. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Alòske kominote entènasyonal la kontinye ap fè dilatwa ak demann gouvènman ayisyen an ki te reklame bò kote Nasyonzini entèvansyon yon fòs miltinasyonal an Ayiti, anbasadè ayisyen an nan Washington mande pou gen akselerasyon nan demach yo pou kapab abouti ak yon rezolisyon k ap favorize rive fòs sa nan peyi a. 

«Li enpòtan pou n gade kòman nou kapab ale vit e asire nou gang ame pa p nan pozisyon pou nwi sosyete a, paske si nou pa fè sa tousuit, se jis yon kesyon tan pou yo pran kontwòl tout peyi a», deklare Anbasadè Bocchit Edmond ki ajoute « Sa ki pa p nan enterè vwazen ki pi pre nou yo si nou kite sa rive». 

Rezolisyon sa peyi Etazini te soumèt devan konsèy sekirite Nasyonzini an pandan mwa oktòb la toujou rete bloke akoz kèk peyi tankou Lachin ak Larisi toujou pa dakò ak demach sa ki, daprè sa yo di, manke klè sou misyon fòs sa. 

Anbasadè Bocchit Edmond rekonèt entèvansyon fòs militè etranje pa janm pote rezilta nan peyi a, men swete fwa sa bagay yo ap kapab fèt diferan. Ansyen minis afè etranje a rete kwè se sèl yon entèvansyon militè etranje k ap ka rezoud pwoblèm ensekirite ki gen nan peyi an aktyèlman. 

« Mwen konprann gen erè ki te fèt e mw kwè nou tire leson, e nou kapab gade kijan nou kapab fè bagay yo diferan. Sèl sa m ka di, nou jis bezwen gade sitiyasyon an an Ayiti, nou gen yon popilasyon ki san defans devan gang ame yo, ki yo menm gen plis fòs pase Lapolis », rapouswiv Anbasadè Bocchit Edmond. 

Yon tablo katastwofik ansyen minis afè etranje a drese, ki mande ofinal pou kominote entènasyonal la fè pwòp jijman l sou reyalite ki gen an Ayiti a kote lekòl toujou poko kapab ouvri, lopital ak biznis pa ka fonksyone akoz pwoblèm gaz, elatriye. 

 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Bocchit Edmond