Categories: AN KREYÒL

Plizyè Ayisyen nan Nouyòk pwoteste devan konsila dominiken an

Share
Plis pase yon santèn Ayisyen ki nan dyaspora a Ozetazini te pran lari wikenn pase a pou te denonse move tretman konpatriyòt yo ap resevwa an Repiblik dominikèn depi kèk tan ak pil ekspilsyon migrasyon dominikèn nan pa sispann fè.
Plizyè dizèn militan, òganizasyon tankou Ak Art, ASCH Haïti Dedicated People’s Foundation for the Development of Haiti, pou n site sa yo sèlman, te rasanble nan lari metwopòl la pou te di « Non » ak depòtasyon pakèt Ayisyen sa yo an Repiblik dominikèn, epi kont move tretman ajan migrasyon yo bay yo pandan pwosesis sila.
Pwotestatè yo t al leve vwa yo devan lokal konsila Repiblik dominikèn ki nan Nouyòk la, 8 desanm pase a. Pankat nan men, mayo ak bandwòl sikonstans epi manyetofòn: yo te voye yon mesaj klè bay Repiblik dominikèn ki gen nan tèt li pou kounya prezidan Luis Abinader.
Premye òganizatè mouvmante sila, Gonald Moncion te deklare “dyaspora ayisyen an k ap viv Ozetazini vin devan konsila dominiken an pou fè konsila a konnen sa Repiblik dominikèn ap fè Ayisyen ki san papye lakay li yo pa akseptab ditou”.
N ap raple, anbasad Lèzetazini te akize migrasyon dominikèn nan t ap arete, maltrete moun ki san papye jis paske koulè po yo se nwa. Li te bay gwo alèt sou sitiyasyon an akòz genyen sitwayen ameriken (afriken ameriken ak ayisyen ameriken) ki resevwa move tretman sou menm baz sa.
San konte kèk tan avan sa, Nasyonzini te mande pou Repiblik dominikèn te sispann depòtasyon pil pa pakèt ayisyen yo paske Ayiti pa bon, olye sa prezidan dominiken an te deklare li fenk kare voye Ayisyen ki pa legal yo tounen lakay yo.
« Politik imigrasyon chak peyi se pouvwa chak gouvènman, kidonk deklarasyon sa yo pa akseptab e yo iresponsab, Repiblik Dominikèn se peyi ki plis pote chay Ayiti, ki te pi plis afekte ekonomikman e ki te pi solidè (ansanm) ak Ayiti pase nenpòt lòt peyi nan mond lan, kidonk, ou pa ka mande Repiblik Dominikèn fè plis toujou », se repons Luis Abinader te bay Wo komisè Volker Türk.
Vrèman vre, depi dènye avètisman li yo, nimewo 1 Repiblik Dominikèn nan, Luis Abinader te bay lòd pou ajan migrasyon yo te chase tout etranje ilegal ki sou teritwa li a, men Ayisyen yo te premye nan liy lan. Fòs lòd dominikèn yo te arete ak ekspilse plizyè santèn konpatriyòt yo te mete lapat sou yo nan kèk zòn nan Santiago de Los Caballeros, Eli Piña, El Seibo, Bonoo, Pedernales, elatriye.
Pou mwa novanm nan sèlman DGM an voye tounen an Ayiti 24 mil 794 Ayisyen ki pa genyen papye, alòske an Oktòb dènye yo te deja voye lakay yo 20 mil 115 etranje ki ilegal, nan peyi kote yo fèt la, ladan yo yon pakèt Ayisyen.
Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by