Lapolis ak moun Tomazo met tèt ansanm pou netwaye ak sekirize komin nan

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lapolis ak moun tomazo met tèt ansanm pou netwaye ak sekirize komin nan

Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse li mete tèt ansanm avèk popilasyon an nan Tomazo, ki nan awondisman Kwadèboukè, epi lanse divès aktivite netwayaj nan okazyon fèt fen ane yo. 

Yon maryaj ant “lapolis ak popilasyon” se konsa enstitisyon polisyè a defini divès aktivite netwayaj sila yo li lanse pi presizeman nan lokalite « Durand », nan komin Tomazo. Travay sila yo te tanmen ayè lendi 12 desanm 2022 a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou rezo sosyal li yo, PNH la fè konnen plizyè manb nan popilasyon an nan lokalite sila te mobilize pa bò kote fòs lòd nan lide pou te fè bon jan lapwòpte la. 

“Yon inisyativ k ap pèmèt yo kontrekare zak banditis k ap fè nan komin Tomazo”, PNH la enfòme atravè ekip Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik (CPRP).  

N ap raple, 20 novanm pase a, Lapolis Nasyonal d Ayiti te anvizaje yon seri dispozisyon pou ede popilasyon ayisyèn nan pase yon bon fèt pou fen lane 2022 a, ladan yo plizyè chanjman estratejik. 

Pou kounya, PNH la mande popilasyon an pou kontinye apiye jefò l ap fè atravè kolaborasyon l. Sa k ap pèmèt li ranpli misyon l pi byen ki se pwoteje ak sèvi. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.