Categories: DIPLOMATIE

Kanada pral voye lòt machin blennde an Ayiti ak plizyè ekspè pou travay ak Lapolis la

Share

Anbasadè Kanada nan Nasyonzini an, Bob Rae, anonse gouvènman kanadyen an pral voye lòt machin blennde an Ayiti ak twa ekspè pou travay ak Lapolis la nan kad soutyen ak peyi a pou rezoud kriz ensekirite an. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon entèvyou sou medya lokal CBC/Radio-Canada, Anbasadè a ki te nan misyon an Ayiti semèn ki sot pase a, fè anons sa nan yon moman kote ensekirite an ap pote ale lavi sitwayen yo chak jou pi plis. Diplomat la fè konnen Kanada ap rapouswiv ak sanksyon yo. 

Nan kad soutyen Kanada vle ofri ak Ayiti nan moman difisil sa, Anbasadè Rae fè konnen gouvènman kanadyen an anvizaje voye twa ekspè pou travay ak Lapolis la nan lide pou planifye lòt estrateji pou fè fas ak fenomèn ensekirite an. 

Anbasadè a te rantre an Ayiti semèn ki sot pase a, nan yon misyon pou gouvènman kanadyen, avèk kòm prensipal objektif chache yon solisyon diplomatik ak kriz politik san parèy sa k ap ravaje sosyete an depi kèk tan. 

Nan mezi ki deja pran nan kad soutyen gouvènman etranje yo ap ofri Ayiti nan batay kont ensekirite an, plizyè gwo pèsonalite politik ak ekonomik nan peyi a tonbe anba sanksyon pou enplikasyon yo nan alimante aktivite kriminèl yo an Ayiti. 

 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by