56.951 travayè pral resevwa 6.800 goud nan men leta 

Par
Kethia Saint Marc
Rédactrice
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.
- Rédactrice
56.951 travayè pral resevwa 6.800 goud nan men leta 

Asosyasyon Endistri dayiti (ADIH) ak Minis Afè Sosyal ak Travay, ap ofri yon èd 6.800 goud bay 56.951 travayè nan sektè soutretans lan, aprè siyati yon pwotokòl ak FAES. 

 Egzekisyon Pwogram Ijan Miltisektoryèl sila fèt nan lide pou apeze Gwoup Vilnerab yo, Gouvènman an te fè transfè monetè a nan Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES) pou benefis 35 faktori nan soutretans lan sou yon total 37. 

 Inisyativ sa a gen pou objektif sipòte travayè yo devan ogmantasyon pri gaz la, nan ba yo asistans finansye 3400 goud chak mwa, pandan 2 mwa ki ta dwe ede yo kouvri depans transpò ak manje yo. 

 Lajan yo te transfere nan kont yo, ki pral gen pou yo peye 2 vèsman yo chak mwa nan sibvansyon an bay anplwaye yo. 

- Advertisement -
Ad image

REDAKSYON :  Kethia Saint-Marc 

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédactrice
Suivre
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.