Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Bandi ak zam asasinen jounalis Franklin Tamar

Share

Laprès nan peyi d Ayiti pran yon lòt kou ankò anba men ensekirite a. Dimanch 18 Desanm 2022 a, bandi ak zam etenn souf jenn jounalis Franklin Tamar, nan sant vil Pòtoprens, se sa nou aprann. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Franklin Tamar, k ap anime emisyon « Konpa Konpa » ak « Samdi kiltirèl » nan Radio solidarite tonbe anba bal bandi nan Pòtoprens nan moman pèp la t ap selebre viktwa Ajantin sou Lafrans, nan final Koupdimonn Kata 2022 a. Nouvèl la tonbe sanzatann, epi simaye dèy nan mitan près la. 

“Franklin Tamar, animateur de l’émission « Konpa Konpa » et « Samedi Culturel » à radio Solidarité, vient d’être tué par balle au centre-ville de Port-au-Prince”, se sa nou te rive li nan yon twit radyo ak televizyon Karayib te pibliye. Yon lòt kote, medya sila te rapòte “yon jij de pè pa t pran tan pou vin sou zòn krim nan pou te fè konsta kadav Tamar”. 

Suit ak nouvèl sila, plizyè travayè laprès, pami yo konfrè Franklin Tamar, pa t kache lapenn yo fas ak dènye zak asasina sa ki bay anpil remò ak degou nan sektè a. Genyen nan yo ki di « yo febli ». 

Yo prezante viktim nan kòm yon moun ki saj anpil. Franklin Tamar te youn nan jounalis ki te plis gen estim pou pwofesyon an pandan 10 dènye ane sa yo, malerezman bandi san fwa ni lwa etenn souf li nan yon fason ki trajik epi pati kite kadav li ap benyen nan san li, tout sa nan lakou Pòtoprens ayè dimanch lan. 

Sikonstans lanmò animatè kiltirèl Franklin Tamar enkoni, toutfwa li vin alonje lis jounalis ki viktim anba ensekirite a pou ane 2022 a ki pa lwen ale, tout sa alòske laprès la sot kriye depa trajik ak prematire jounalis Romelson Vilsaint 31 Oktòb pase a, devan komisarya Delma 33, anba men lapolis. 

Laprès an Ayiti gen kèk tan li toumante, plizyè travayè laprès ap sibi zak vyolans, yo bat ak touye yo nan kad travay yo dèfwa. Malgre otè zak yo klèman idantifye, lajistis toujou lan pou pwoteje yo kont abi sila yo. 

N ap raple, pandan mwa avan yo, bandi te touye plizyè jounalis nan plizyè kwen zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.  Anplis Gary Tess, sikonstans lanmò li poko eklèsi, Frantzsen Charles ak Tayson Latigue te fè vwèl pou peyi san chapo anba men bandi G9 yo, nan dat 12 Septanm nan. Yo pase prèske menm jan ak John Wesley Amady ak Wilguens Louissaint, gang Ti Makak k ap dirije Laboul 12, te touye pi bonè nan kòmansman ane a. 

Anplis sa, plizyè pwofesyonèl enfòmasyon tounen sib lapolis tou, sitou pandan mobilizasyon “Bwa Kale” yo te lanse kont pouvwa anplas la. 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by