Nouvo patwon rezo sosyal Twitter a, Elon Musk pa ekate posibilite pou l kite fonksyon “CEO” (Chief executive officer), kidonk wòl Prezidan direktè jeneral l ap jwe a, si yon sondaj sou dosye a pa sòti an favè l.
Dimanch 18 desanm nan, patwon SpaceX ak Tesla a te pibliye yon sondaj sou Twitter epi mande itilizatè yo pou vote pou konnen si li dwe remèt demisyon l nan pòs “CEO” l ap asire nan antrepriz la. Li fè konnen kenpòt sa rezilta yo bay, l ap respekte yo.
Miltimilyadè a gendwa pa patwon “zwazo ble” a ankò aprè mwens pase 2 mwa, piske nan dimanch swa yo 48% moun te vote “Wi” pou depa Elon Musk nan tèt Twitter, kont 42% ki kont menm desizyon sila.
Nan plizyè twit li te fè aprè, Musk te sijere li te seryezman anvizaje kite pòs la e li menm deklare sou avni Twitter. “Jan pawòl la di, fè atansyon ak sa ou vle paske ou ka jwenn li,” se te avètisman l.
N ap raple depi lè li fin achte Twitter pou 44 milya dola epi plase tèt li kòm sèl chèf depi fen mwa d Oktòb pase, aksyon mesajri a pa sispann bese akòz moun ak antrepriz k ap sove kite l. Genyen enstitisyon ki menm retire piblisite yo sou Twitter. Yo repwoche li etann libète ekspresyon an twòp epi lakòz gen anpil menas ak lòt pwopo rasis ak antisemit k ap fèt la kont plizyè kominote.
Pi fò moun ki te bani sou Twitter yo rejwenn ak aksè ak kont yo, depi lè sa Twitter vin tounen youn nan platfòm kote ki gen anpil menas k ap fèt sou moun.
Mete sou sa milyadè a revoke anpil moun, sitou sila ki pa ale nan menm liy avèk li yo. San konte li fè anplwaye ki rete yo ekzijans pou yo ogmante travay yo ak lè travay yo, sa lakòz anpil lòt chwazi remèt demisyon.
Pandan tan sa n ap raple, nan yon twit chèchè nan entelijans atifisyèl (IA) MIT, Lex Fridman fè, kote l deklare li konte pran pòs “CEO” a, Elon Musk te fè konprann li pa twò satisfè sou jan l ap jere Twitter a.
Toutfwa li mete yon ansanm kondisyon sou tab la epi deklare “ou dwe renmen soufri anpil… Vrè kesyon an se pa jwenn yon moun pou ranplase m nan tèt Twitter, men se jwenn pito yo moun k ap kenbe Twitter vivan paske antrepriz la an fayit depi mwa Me pase”.