NETALKOLE

Dominiken yo fèmen fwontyè Carrizal / Elías Piña a swit ak arestasyon yon Ayisyen

Otorite Dominikèn yo pran desizyon pou fèmen tanporèman fwontyè yo a nan nivo Carrizal / Elías Piña depi ayè jedi 22 desanm nan, aprè yon altèkasyon ki mennen ak arestasyon yon migran Ayisyen ki san papye sou teritwa yo a.
Nan yon kominike CESFRONT, ki se kò ki Espesyalize nan Sekirite Fwontyè Terès Repiblik dominikèn nan, rapòte yo te oblije itilize 2 pèl mekanik (traktè ki ak pèl) pou yo te kapab deplase kontenè ki te plase nan pòt fwontyè yo a, epi pou te pouse l nan direksyon teritwa ayisyen an. Suit ak sa CESFRONT fè konnen yo te oblije fèmen pòt ki pa bò kote pa yo a pa mezi sekirite.
Nan detay yo li revele « aksyon sa se yon repons plizyè Ayisyen ki sou fwontyè a te bay suit ak arestasyon yon konpatriyòt yo ki pat legal sou teritwa dominiken an. Resòtisan ayisyen an pa t vle tanpere, epi li te atake militè ki sou plas yo, pandan yo t ap tante metrize li te resevwa yon kou nan fontèn epi blese lejèman ».
Endividi a, yo pa revele idantite l, te jwenn arestasyon l aprè ensidan sila. Ajan CESFRONT yo aprè yo te fin reprann kontwòl sitiyasyon an, te remèt Ayisyen an bay lapolis dominikèn, pou kounya l ap tann pou yo prezante l devan Ministè piblik la.
Depi kèk tan Ayiti ak Repiblik dominikèn pa gen bon relasyon akòz fenomèn migrasyon ilegal la. Plizyè Ayisyen san papye, pou chape poul yo anba move kondisyon y ap viv pa bò isit an Ayiti, chwazi rantre kay vwazen san yo pa legal, nan lide pou al chèche lavi miyò.
Alòske kominote entènasyonal la te mande Ekzekitif dominiken an, ki gen nan tèt li prezidan Luis Abinader, pou yo te sispann depòte Ayisyen ki ilegal yo lakay yo kòz an Ayiti pa bon akòz ensekirite a, pami plizyè lòt kriz, sa pa anpeche Direksyon jeneral migrasyon (DGM) kontinye arete ak ekspilse yo lannwit kou lajounen.
N ap raple, Direksyon Jeneral Migrasyon Dominiken an te endike mèkredi 21 desanm 2022 a li te voye tounen lakay yo 13 mil 475 etranje san papye pandan 20 premye jou mwa desanm yo, pi fò ladan yo se te Ayisyen.
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Articles Similaires

1 de 1 155