Wayòm Ini sanksyone chèf gang Jimmy Chérizier

wayòm ini sanksyone chèf gang jimmy chérizier

Gouvènman Britanik la te anonse mezi sanksyon, mèkredi 28 desanm sa a, kont lidè gang “G9 an fanmi e alyeJimmy Chérizier.  Atravè sit entènèt yo a, Gouvènman akize l kòmkwa li te vyole dwa moun akoz zak li t ap fè nan peyi a.
Vreman vre, jan gouvènman Britanik la te anonse sa nan dat 7 desanm 2022 a, divès mezi sanksyon kont Jimmy Chérizier alyas “Babekyou” te antre an vigè Mèkredi 28 desanm sa a.
Menm jan peyi Kanada ak Etazini te pran sanksyon kont  chèf gang sa a, kounye a se tou pa Wayòm Ini. Dapre sa  Gouvènman fè konnen
“Babekyou”  entèdi vwayaje nan peyi Wayòm Ini, tout byen li genyen oswa kòb li genyn nan peyi sa a jele.
Nan nòt pou laprès sa a, Wayòm Ini prezante “Babekyou” kòm youn nan lidè gang ki pi enfliyan ki te komèt zak ki afekte lapè, estabilite ak sekirite Ayiti.  Li fè konnen tou li te angaje l nan grav vyolasyon dwa moun lè li fè aksyon ki lakòz lanmò plizyè ayisyen nan peyi a.
Anplis de sa, lwa sa a, ki te prezante ak adopte devan Palman Britanik  la nan dat 7 desanm 2022 a bay sanksyon pou tout moun Nasyonzini deziyen nan kad aplikasyon rezolisyon 2653 la.
“Règleman yo prevwa ke tout moun Nasyonzini deziyen kòm responsab, konplis oswa ki te patisipe, dirèkteman oswa endirèkteman, nan aksyon ki menase lapè, sekirite ak estabilite an Ayiti yo deziyen nan objektif règleman sa a”, te souliye gouvènman an nan yon nòt anvan.
Mackendy Filderice: Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.
Leave a Comment