Pou kounya Ayisyen yo ka voyaje al Beliz san okenn otorizasyon espesyal

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pou kounya ayisyen yo ka voyaje al beliz san okenn otorizasyon espesyal
Yon lòt opòtinite louvri pòt li pou peyi d Ayiti. Konsila Beliz ki sou teritwa a enfòme piblik la an jeneral, nan yon nòt li pibliye 27 desanm 2022 a, Ayisyen yo pa bezwen viza pou yo vwayaje ale Beliz kòm touris. Toutfwa vwayaj la pa dwe depase 30 jou.
“Konsila Beliz an Ayiti fè piblik la an jeneral ak otorite ayisyen konsène yo konnen, sou baz konvansyon CARICOM yo, Ayisyen pa bezwen viza oswa otorizasyon espesyal pou vwayaje Beliz kòm touris e pou yon maksimòm peryòd 30 jou », se sa nòt la espesifye.
Jan Beliz presize li a, yo pran desizyon sila sou baz konvansyon CARICOM yo. Beliz se yon peyi nan Amerik santral la ki etann kò l sou 22.966 kilomèt kare.
Yon lòt kote konsila Beliz an Ayiti di li pa responsab si endividi movèz fwa chwazi fè lajan atravè pwosesis sila swa nan zafè viza, bay otorizasyon espesyal, pou l site sa yo sèlman.
Konsila a ensiste sou lefèt pa gen okenn demach pou fè ni okenn frè pou peye anvan vwayaj la. « Sèl pèyman k ap ekzekite se sa otorite imigrasyon yo ap mande nan ayewopò Beliz la, lè w rive”.
“Sepandan, se ofisye imigrasyon yo k ap pran desizyon pou otorize yon moun antre sou teritwa yo a oubyen pou pa antre”, se sa konsila Beliz ki an Ayiti a fè konnen.
« Lè yo pa mande yon viza alavans, sa pa vle di otorite sekirite nasyonal Beliz yo pa kontwole ak anpil atansyon vwayajè ki vle antre nan peyi a ». Konsila Beliz la menm eksplike « menm ak yon viza ki ranpli tout kondisyon yo, otorite imigrasyon yo gen pouvwa pou pa bay aksè sou teritwa yo a si yo konsidere gen dout sou yon vwayajè lè li rive”.
Fòk vwayajè a ka bay rezon vwayaj li a epi jistifye l, epi pwouve li gen mwayen pou peye kantite tan l ap vin fè a epi genyen biyè pou tounen lakay li aprè sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.