Categories: IMMIGRATION

Repiblik Dominikèn rapatriye plis pase 140 mil Ayisyen pandan ane 2022 an

Share
Akote tout lòt pwoblèm sosyopolitik peyi an konnen pandan ane 2022 an, seri depòtasyon an mas Ayisyen yo sou teritwa dominiken an pami pi gwo difikilte konpatriyòt sa yo ki pa sispann travèse fwontyè a nan chache lavi miyò te gen pou fè fas.
Sòti premye janvye pou rive 27 desanm 2022, genyen yon total 143,333 migran ayisyen ki rapatriye sòti Repiblik Dominikèn nan kad operasyon chas gouvènman dominiken an te lanse pandan ane sa kont ayisyen yo ki san papye sou teritwa yo an.
Nan kad operasyon Direksyon jeneral migrasyon yo an Repiblik Dominikèn t ap mennen pandan tout ane 2022 an kont migran ilegal yo, genyen plis pase 143,333 ayisyen ajan migrasyon yo ki te gen ak yo Lapolis epi militè Cesfront fòse tounen nan peyi Dayiti.
Nan tablo estatistik DGM prezante sou rapatriman sa yo, genyen pandan mwa novanm 2022 an yon rekò nan zafè depòtasyon an mas Ayisyen yo ki lòtbò fwontyè a avèk yon total 24,894 konpatriyòt otorite dominiken yo fòse tounen Ayiti.
Daprè Direksyon jeneral migrasyon an Repiblik Dominikèn, aprè arestasyon nan kad operasyon sa yo, nan 99% ka, migran yo transfere nan yon sant pou kontwòl administratif nan Dajabón oubyen Elías Ananas pou verifikasyon estati migratwa yo avan pou depòte sila yo ki pa an règ sou teritwa dominiken an.
Sou kesyon tretman ki rezève ak ayisyen yo nan moman arestasyon yo, Venancio Alcántara ki se Direktè jeneral migrasyon yo an Repiblik Dominikèn fè konnen operasyon yo pa p sispann pandan l presize travay DGM ap fè yo rete nan kad lalwa ak prensip respè dwa moun yo.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by