Ladwann: prèske 10 milya goud ranmase pou mwa desanm nan

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Administrasyon Jeneral Ladwann (AGD) se youn nan kèk enstitisyon nan peyi a kap eseye diferansye tèt li kanpare ak anpil lòt. Vrèmanvre, nouvo mezi AGD pran yo te pèmèt Leta kolekte preske 10 milya goud sèlman pou mwa desanm 2022 a, daprè sa yon sous anndan enstitisyon an fè konnen.
Prèske 10 milya goud te ranmase pou sèlman mwa desanm 2022. Daprè yon sous pwòch Administrasyon Jeneral Ladwann, enstitisyon an te konte sou ladwann nan ayewopò a, Beladè ak Okap ki te trè aktif pandan peryòd sa a.
Administrasyon Jeneral Ladwann (AGD) anrejistre dosye koleksyon sa a nan yon moman kote aktivite yo ralanti akòz ensekirite a ki gaye nan peyi a.
Pou administrasyon ladwann la te arive jwenn rezilta sa a, Direktè Jeneral ADG a, Julcène Edouard te itilize kèk metòd tankou, ranfòseman
kontwòl ladwann,  ranfòseman mekanis kontwòl apre dedwanman, ranfòsman siveyans ladwann ak sistèm entèlijans ladwann pou optimize batay kont fwod ak kontrebann elatriye.
Atravè aksyon sa yo, Julcène Edouard ki se Direktè Jeneral  Administrasyon Jeneral Ladwann (ADG) di li vle ogmante revni enstitisyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.