Categories: AN KREYÒL NBA

NBA : Milwaukee Bucks bat Washington Wizard, Giannis Antetokounmpo bat pwòp rekò li

Share

Nan match ki te opoze Milwaukee fas ak Washington Wizard la, nan lanwit madi 3 janvye a, Giannis make 55 pwen, 10 rebon epi 7 pas, superstar Grèk la bat pwòp rekò li epi ede ekip Milwaukee a bat match la (123-113). Aprè 71 pwen Donovan Mitchell la, Doub MVP a pa sispann make plis pase 40 pwen epi 20 rebon nan denyè tan sa yo, pèfòmans li yo istorik nan NBA a.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Milwaukee rive bat ekip Washington Wizard la 123-113, yèswa, doub MVP a rive make 55 pwen, 10 rebon, 7 pas, ak 2 pas kont nan sèlman 37 minit li jwe. Yon pèfòmans ki mete l nan klasman jwè k ap fè istwa nan NBA a pou sezon sa.  

Daprè estatitik yo Antetokounmpo fè 3 match kote l make pou pi piti 40 pwen, 10 rebon ak 7 pas. Gen yon ekip lòt jwè ki te rive nan chif sa yo avan li, ki se : Elgin Baylor (1961 epi 1963), Wilt Chamberlain (1963) oubyen tou Russell Westbrook (2016).  

Aprè rankont lan men sa superstar Grèk la fè  konnen nan mikwo laprès.:  

“M vle rive nan estad la, pou jwèt mwen bay pwoblèm. M vle toujou reponn, pou chak swa pou m fè bagay pou moun preske pa jwenn sa pou yo di. Gwo jwè yo pa janm bay tèt yo pwoblèm. Chak swa yo bay tout yo menm”.  

Sezon an poko menm rive nan mwatye li, anpil jwè gentan make plis pase 50 pwen nan yon match, jwè tankou : Luka Doncic (3 match kote l fè  50 pwen nan chak),  Joel Embiid (2) epi Devin Booker (2). 

Men tout rezilta yo 

Bucks – Wizards : 123-113 

Thunder – Celtics : 150-117 

Jazz – Kings : 117-115 

 

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by