Batay Arsenal ak Newcastle la fini (0-0) 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
batay arsenal ak newcastle la fini (0 0) 

Pou 18tyèm jounen an nan Premier League la, ayè madi a, Arsenal pat rive mete do ekip Newcastle la atè. Nan yon match solid kote 2 ekip yo pat rive fè gòl. Se te posiblite pou Gunners yo te taye plis banda ak 10 pwen devan ekip Manchester City a ki gen 2 match li poko jwe, match la fini (0-0), se yon rezilta ki mete ekip Newcastle la nan 3zyèm plas la ak 35 pwen devan Manchester United ki gen 35 pwen tou. 

Pou 17 match sèlman nan Premier League la sezon sa, jwè Mikael Arteta yo gentan fè 44 pwen epi se yo ki nan tèt chanpyona devan Manchester City. Men yè madi a, Magpies yo te montre sezon sa li pa vin bay piyay, ak yon defans solid li reziste fas Gunners yo (0-0). 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chòk sa ki te opoze Arsenal ak Newcastle la se te yon match ak anpil entansite fizik, abit sentral la te bay 9 avètisman. Sa pat anpeche jwè tankou Bukayo Saka ak Gabriel Martinelli eseye jwenn wout gòl la, malgre yo te eseye, defans Newcastle la te rete solid. Magpies yo pat vrèman montre yo te ka menase ekip Arsenal la.  

Tou 2 ekip yo ap fè yon bon sezon, depi 13 match Arsenal poko pèdi, Newcastle li menm li rete sou 11 rankont san li pa pèdi. Jwè Mikael Arteta yo ap gen pou yo toke kòn yo pou jounen k ap vin la yo ak Tottenham epi Manchester United. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive