Categories: AN KREYÒL SANTÉ

Yon don 3 milyon dola pou goumen kont kolera an Ayiti

Share
Gouvènman peyi Japon an fè yon don 3 milyon dola ameriken ak Ayiti nan dat 6 janvye ki sot pase an pou kapab fè fas ak reparèt maladi kolera nan peyi an depi mwa oktòb ane pase.
Nan kad koperasyon bilateral ant de peyi yo, gouvènman japonè an fè Ayiti don 3 milyon dola sa atravè òganizasyon entènasyonal UNICEF, Pwogram alimantè mondyal (PAM) ak Federasyon entènasyonal sosyete kwa wouj yo (IFRC).
Nouvo èd finansye sa ki rantre nan kad soutyen pou lite kont kolera anndan peyi an pral pèmèt òganis Nasyonzini sa yo fè entèvansyon nan peyi an nan domèn sante, dlo potab ak asenisman epi èd alimantè.
N ap raple, avan reparèt maladi sa sou teritwa nasyonal la nan mwa oktòb ki sot pase an, Ayiti te konnen twazan san anrejistre okenn ka kolera. Dènye bilan MSPP yo fè konnen epidemi sa deja pote ale plis pase 300 moun ak plizyè milye lòt ki enfekte.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by