Yon nonm divòse ak madanm li nan « lune de miel » aprè l fin wè l san makiyaj 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
yon nonm divòse ak madanm li nan lune de miel aprè l fin wè l san makiyaj

Mari yon fanm ki soti nan Mpumalanga, nan sid peyi Lafrik divòse ak li  nan « Lune de miel » akòz li te wè l san makiyaj,  koup la ki rankontre sou Facebook epi ki te deside fiyanse paske nèg la panse fi a pandan tout tan anvan maryaj la te bèl jan l te konn wè l ak makiyaj la, nan jou maryaj la pandan « lune de miel » la miche dekouvri fanm nan pat janm bèl vre. 

Nonm nan fè aksyon an aprè li te wè fanm nan san makiyaj pou premye fwa, daprè yon sikològ ki te konseye fanm nan ki, pou yon rezon li pa site non li.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nèg la genyen 40 lane,  madanm lan 35 lane, doktè a di, paske mari a te kwè fanm lan pat lèd anvan maryaj la, li konsidere konpòtman sa a kòm yon twonpri nan itilize anpil pwodui kosmetik ki gen ladan yo fo zye elatriye.  

Doktè Molapo, ki se yon konsiltan sikològ, fè konnen klinik li a te resevwa yon demann nan men fanm nan piu ede l simonte ak soufrans sikolojik sa aprè divòs la. Rapò yo ekri nonm nan, mouche a te mennen fanm nan al pase « Lune de miel » la nan youn nan pi gwo vil nan sid Afrik la ki se Richards bay, pandan menm moun yo ap benyen, bagay la chavire nan wèl madanm nan, menm jwi yo pa jwi maryaj la sou kabann otèl la. Mouche a te di se kòmsi li wè se yon lòt fanm ki anfas li. 

Lamarye a te mete zye atifisyèl epi li te fè operasyon kosmetik anvan maryaj la. Koup la ki te rankontre sou Facebook te fiyanse pou twa mwa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.