Senatè sa yo ki gen manda yo fini lendi 9 janvye ki sot pase a gen jiska vandredi 13 janvye 2023 pou remèt administrasyon Sena a tout materyèl ki te a dispozisyon yo pandan fonksyon yo an.
Nan yon nòt enfòmasyon ki adrese ayè madi 10 janvye an ak dènye eli sa yo ki te fè pati 50èm lejislati an, administrasyon Sena a mande pou pote nan direksyon lojistik enstitisyon an ansanm materyèl ki te a dispozisyon yo pandan manda yo an.
Nòt sa ki pote siyati Sekretè jeneral adjwen Sena a, Donald Justin, ansyen senatè sa yo gen jiska vandredi 13 janvye k ap vini la pou remèt materyèl sa yo kote direksyon an ap mete mesaje ak chofè pou yo nan lide pou fasilite pwosesis lan.
Direksyon resous materyèl ak lojistik Sena a enfòme dènye dis senatè konsène sa yo pou fè yo konnen nan ka delè 13 janvye an ta pase administrasyon an ap pran tout dispozisyon pou rekipere materyèl sa yo ki rete byen Sena Repiblik lan.
N ap raple depi lendi 9 janvye sa ki sot pase an, peyi an leve san okenn otorite politik lejitim ki te sòti nan eleksyon kote l ap dirije avèk sèlman Premye minis Ariel Henry ki se sèl kòk chante.