Categories: AN KREYÒL JUSTICE

James Solages prezante yon lòt fwa nan kabinè enstriksyon

Share
Youn nan prezime asasen ansyen Prezidan Jovenel Moïse yo, James Solages, prezante ayè mèkredi 11 janvye 2023 a nan kabinè enstriksyon pou reponn kesyon majistra Walter Wesser Voltaire k ap mennen dosye an.
Aprè yon odisyon ki te repòte nan mwa septanm ki sot pase a akoz avoka l ki pa t prezan, James Solages ki fèmen nan prizon depi jiyè 2021 pou enplikasyon l nan lanmò ansyen prezidan an, prezante yon lòt fwa ankò nan kabinè enstriksyon pou kontinye reponn kesyon.
Akize a ki te akonpanye ak avoka li nan kabinè enstriksyon ayè mèkredi an, reponn kesyon majistra Walter Wesser Voltaire ki se senkyèm jij enstriksyon ki gen chaj travay sou dosye sa depi asasina Prezidan Repiblik la 7 jiyè 2021 an.
Depi arestasyon l nan demen asasina ansyen prezidan an, 8 jiyè 2021, James Solages deja parèt plizyè fwa nan kabinè enstriksyon pou reponn kesyon kote nan dat 8 oktòb menm ane an li te reponn kesyon majistra Gary Orélien ki te premye jij sou dosye sa.
Yon dosye ki kontinye ap trènen lajistis jiska jounen jodia kote gen moun non yo site pou enplikasyon yo nan zak sa ki toujou poko anba kòb malgre plis pase yon karantèn lòt ki fèmen nan prizon.
Majistra Voltaire ansyen premye dam Martine Moïse mande retire kò l nan dosye an, te mande DCPJ rapouswiv ak ankèt lan nan yon korespondans ki te adrese ak otorite Direksyon santral polis jidisyè yo.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by