Premye match, premye gòl pou Messi kòm chanpyon dimond 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
premye match, premye gòl pou messi kòm chanpyon dimond 

Nan okazyon 18èm jounen chanpyona premye divizyon Lafrans lan, Lionel Messi enskri jodi mèkredi 11 janvye an premye gòl li depi aprè li fin genyen tit chanpyon dimond lan nan peyi Kata. 

Fas Angers ki se bon dènye an nan Ligue 1 an pou sezon sa, kapitèn seleksyon Ajantin lan make pou premye match li depi aprè 22èm edisyon Koupdimonn lan nan viktwa 2-0 Paris Saint-Germain fè jodia. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon match san briye, Pulga a ki te demare kòm titilè nan match sa parizyen yo t ap resevwa nan Parc des Princes lan, byen selebre retou li sou tèren foutbòl depi aprè mondyal Kata a kote li enskri youn nan gòl PSG yo ki genyen 2-0. 

Aprè yon premye gòl Hugo Ekitike ta pral make depi nan 5èm minit match la, nimewo 10 ajanten an ki pa t ap jwe twò byen sou tèren an enskri dezyèm gòl parizyen yo e ofri viktwa sa ak Paris Saint-Germain ki pa t alabri. 

Aprè yon defèt 3-1 fas RC Lens nan premye match yo pou ane 2023 a, Parizyen yo relanse yo pou 18èm jounen Ligue 1 an ak bèl viktwa sa fas Angers, bon dènye, ki konnen yon dizyèm defèt youn aprè lòt pou sezon an. 

Ak viktwa sa, Paris Saint-Germain rete lidè avèk 47 pwen pou 18 match, devan RC Lens ki rete dezyèm ak 41 pwen. 

Lionel Messi ki sòti nan anviwon de semèn repo depi aprè final Koupdimonn lan kote li te genyen nan seyans chout pennalite fas Lafrans, rekòmanse jwe ak Paris Saint-Germain nan Ligue 1 an kote li deja enskri 8 gòl e bay 10 pas desizif. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.