Categories: AN KREYÒL

2 nouvo non ajoute nan lis pèsonalite ayisyen Kanada sanksyone yo

Share
Nan yon kominike pou laprès ki pibliye jodi vandredi 13 janvye 2023 a, Minis kanadyen afè etranje an, Mélanie Joly, enfòme sou sanksyon ki pran kont ansyen depite Arnel Bélizaire ak biznismann Charles Saint-Rémy pou enplikasyon yo nan alimante ensekirite an Ayiti.
De pèsonalite sa yo ki fè pati elit politik ak ekonomik peyi an, tonbe anba sanksyon gouvènman kanadyen an ki pran dispozisyon pou entèdi yo rantre sou teritwa yo an epi bloke tout kont labank yo ta genyen nan peyi Kanada.
Ansyen depite Dèlma-Taba a ansanm ak biznismann epi bòfrè ansyen Prezidan repiblik Michel Martelly an ajoute nan lis pèsonalite ayisyen sa yo ki tonbe anba sanksyon gouvènman kanadyen an pou enplikasyon yo nan finanse gwoup ame yo an Ayiti epi alimante vyolans nan peyi an.
Nan kominike sa ki pibliye jodi vandredi a, gouvènman kanadyen an fè konnen de pèsonalite ayisyen sa yo ta sèvi ak estati yo kòm manm elit ekonomik ak politik la anndan peyi a pou pwoteje gang kriminèl yo epi pèmèt aktivite ilegal yo, sitou kesyon trafik dwòg ak lòt zak koripsyon.
Daprè kominike sa, mezi sanksyon sa yo pran nan lide pou fè presyon sou responsab vyolans ak enstabilite sa k ap layite kò l nan peyi an. Gouvènman kanadyen an egzije pèsonalite sa yo sispann bay gang kriminèl yo lajan ak zam an Ayiti.
Minis Mélanie Joly fè konnen Kanada ap rapouswiv kolaborasyon avèk kominote entènasyonal la pou soutni pèp ayisyen an nan lide pou kapab sòti nan kriz li ye an epi retabli lapè ak sekirite nan peyi an.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by