Realmadrid ak Barcelone se afich final super Koup Espay la  

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
realmadrid ak barcelone se afich final super koup espay la

Aprè Real Madrid te fin kalifye sou Valence nan tire penal nan kan aprè pwolongasyon (1-1), yè jedi a, Barcelone viv menm senaryo a fas ak ekip Betis Seville a l(2-2) ak yon bon Ter Stegen. Koup Espay la ane sa se yon klasiko, k ap fèt nan peyi Arabie saoudite Rankont sa se te 700yèm match Sergio Busquets aprè Xavi 767 epi Messi (778).  

Sipè Koup Espay la bay premye klasiko a pou ane 2023 a, kote Real Madrid pral toke kòn li ak Barcleone nan estad Roi-Fahd  pou dimanch k ap vin la, nan vil Ryad ki trouve l nan peyi Arabie saoudite. Aprè tou 2 ekip yo te fin kalifye nan tire penal nan kan.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon match ki ta pral mete bab pou bab Barcelone ak Betis Seville, yon rankont ki te gen anpil entansite, Ter Stegen, Lewandowski, Dembélé, Ansu Fati ta pral ede lidè Liga a jwenn kalifikasyon li. Bò kote Betis, Nabil Fekir, German Pezzella ak Claudio Bravo te jwe yon gwo match, men sa pat sifi pou yo te genyen nan tire penal nan kan.  

Barcelone nan dènye moman sa yo, ap montre bèl fòm yo menm lè Xavi gen anpil bagay li dwe anranje nan ekip sa pou klasiko fas ak ekip Ancelotti a epi pou rès  sezon an. Dimanch nan estad Roi-Fahd, Barcelone ak Real Madrid pral bay foutbòl pou premye klasiko ane 2023. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article