Categories: AN KREYÒL

Plizyè ka vyòl resanse nan prizon sivil Gonayiv la

Share
Plizyè asosyasyon fanm denonse nan kòmansman semèn nan divès ka vyòl yo resanse ki fèt sou plis pase yon kenzèn fanm nan prizon sivil Gonayiv la, nan lannwit 26 pou al bout 27 janvye a nan maten, swit ak divès sèn pwotestasyon ki te genyen kont lanmò 6 polisye yo nan komin Lyankou.
16 fanm ak yon tifi viktim vyòl kolektif, se sa nou aprann pa bò kote PLAFODA, ki se “Plateforme des femmes organisées pour le développement de l’Artibonite”.
Estrikti a fè konnen aksyon sa rive nan moman plizyè polisye t ap pwoteste kont asasina frè yo nan Lyankou. Plizyè endividi ki prezante tèt yo kòm polisye epi ki jwenn sipò yon pati nan popilasyon an te rantre andedan prizon sivil sila pou libere plizyè prizonye. Se nan moman sa, yo vyole plizyè fanm ki t ap sibi pèn yo la.
Viktim yo gen laj 19 ak 60 lane epi minè a gen sèlman 17 lane, daprè Louisette Vertilus, kowòdonatris PLAFODA a ki t al rann yon vizit nan prizon sivil Gonayiv la.
Si yon ekip medikal direksyon depatmantal (Latibonit) Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MCFDF) deja pran medam yo an chaj ak sipò “Médecins Sans Frontières”, sa pa anpeche yo malad. Gen plizyè nan yo ki prezante siy emoraji entèn, enfeksyon vajinal, elatriye.
Ògàn nan k ap defann dwa fanm ak tifi nan sosyete ayisyèn nan mande otorite yo prese prese pou yo deplase efektif fanm yo genyen nan prizon sivil Gonayiv la, pou voye yo nan yon lòt sant kaseral.
Pou fini, PLAFODA di li enkyè fas ak ogmantasyon zak vyolans seksyèl sou fanm ak tifi yo nan depatman Latibonit nan dènye mwa yo. Li mande lajistis pou yo pran responsablite l pou pini moun ki komèt zak sa yo, jan lalwa mande sa.
Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by