2023, yon ane ki anonse anpil pwodiksyon nan HMI la

2023, yon ane ki anonse anpil pwodiksyon nan HMI la

Si ane 2022 a se te yon ane peripesi pou divès atis, sitou elan konjonkti peyi an te fè fas yo, atis yo reflechi anpil pou rann 2023 a yon ane pwodiksyon andedan HMI la, divès ladan yo te dakò reponn kesyon nou sou planifiskasyon ki deja fèt epi k ap miltipliye nan ajanda yo. Albòm, EP, Mizik videyo klipe elatriye, se kèk nan pwen anpil nan yo touche ki nan wout pou satisfè melomàn Ayisyen kou etranje yo.
Jan sa gentan anonse sou tout rezo sosyal yo, ane 2023 sa se yon ane gè, yon ane konpetisyon nan HMI la, kit bò kote rapè yo, kit bò kote chantè djaz oubyen solo yo[….] Malgre 2022 a pa t vrèman pote distraksyon nan zafè oganizasyon bal epi riyini atis yo sou yo sèn devan fanatik yo, MechansT bò kote pal te goumen anpil pou l te akouche pwohè albòm “Ekstrateres” la pandan pasaj 2022 a. Yon albòm ki te posede yon entwo anraje ak 18  bèl mòso pami yo plizyè mizik ki te deja anrejistre ki kontinye albòm nan tankou ” Deux Personnages”, yon mizik ki dekri reyalite atis la sou 2 vizaj aprè yon ensidan ki te pwodui ant yon fanatik ak MechansT nan yon pwogram li t ap jwe, sa ki te menm trennen atis la devan lajistis. Nou pap chita sou sa.
Pou ane 2023 a, Wens Jonathan Désir anpil moun konnen li sou non atis li MechansT, deja montre fòs li, plizyè mizik deja anrejistre, videyo deja prè pou anonse yon nouvo albòm, k ap pote tit “Manje A Pare” toutfwa, li ensere yon mòso espesyal ki dedye ak defen chantè Mikaben, pou sa l te konstwi nan HMI la anvan lanmò li. Youn nan remak nou fè anba tout pòs atis la se prezans yon imoji vèt anba tout pòs li yo, tankou ; (💚)….. Daprè sa li konfye se paske ane sa a li deside itilize koulè sa pou tout sa li vle antreprann pou ane a, epi li deklare tou se ak koulè sa a l ap fini ane a.
Pou Roody RoodBoy li menm, 2022 a te pote yon pakèt chanjman nan karyè chantè a, anplis li pa pwodui jan li te konn fè l anvan an men li te reyisi yon gwo kolaborasyon ak youn nan atis selèb peyi Nijerya yo ki se Wizboyy. Roody konte rekipere l pandan ane 2023 a, se deja yon ane siksè pou li daprè deklarasyon l yo ak post li yo sou paj ofisyèl li yo, atis la nan plizyè entèvyou li bay fè konnen, ane 2023 sa a se pou li. Malgre kèk pwoblèm pèsonèl atis la ak kèk lòt atis epi jounalis, Roody montre kanmenm li detèmine pou yon bagay.
Nan yon premye videyo 1minit 59 segonn li te pibliye sou paj li 14 desanm 2022 a, li te anonse premye albòm li pou ane 2023 a, se aprè 2zyèm videyo li a ki te pibliye 10 janvye pase a, tole a ta pral kòmanse, lè Roody te deside jwe wòl jounalis pou poze tèt li kesyon ankò sou albòm li an. Albòm nan rele “Tou9”, atis la pa poko bay detay sou konbyen mizik k ap konplete albòm nan ni ki dat l ap soti, toutfwa Roody fè konnen se albom sa a k ap tou mete yon fen ak tout diskisyon nan HMI lan.

Si plizyè atis ki te enpoze yo sou kèk kolaborasyon pwojè lòt atis te envite yo epi kèk mizik pèsonèl yo pandan pasasyon ane 2022 a prepare yo pou kenbe yon konsistans, anpil lòt pa twò montre nesesite pou kenbe ray la dèyè bouf la.

Darline Desca : ki te kenbe hit feminin nan ak “Enfidèl, Matelo epi 2kawo” 3 pwojè ki videyoklipe. Nan yon entèvyou nou te gen ak li, DDSK te fè konnen plizyè pwojè nan wout pou ane 2023 a, byento li gen pou l pote plis limyè sou kalandriye mizikal li pou ane 2023 sa a men poko gen yon dat ki ofisyèl.

Toby Anbakè : li menm tou te konsistan nan HMI lan, youn pami atis ki mete plizyè tit deyò, n ap site ; “Chanje” ki feat ansanm ak Nollyyy, “For Ever Yong” ki disponib ak tout videyo, “Happy Birthday”, “I Love Her” ki genyen Docky sou trak la, “Yo Di L Pa Sanble M”, “She Is Crazy” epi “Chawony” ki genyen G Lex sou li. Èske Toby ap kenbe pou ane 2023 a ? yon kesyon atis la pa t deside bay repons sou li.

Kenny Haiti : ki sanse stab ak madanm li epi pitit li aletranje, pandan ane 2022 a te mete kèk tit nan yon EP pou l pat rete diferan, “M Sou Bwè ak Baky, Woulib epi Tonbe”, pou ae 2023 a poko vrèman gen yon komike oubyen yon entèvyou atis la bay pou montre sa ki gen pou vini yo, men sou paj Instagram li, alòske li toujou ap pibliye kèk ti travay li epi mande fanatik li yo kisa yo panse.

Charlin Bato : ki te li menm tou patispe sou EP Chante Ap Ret Chante Baky a, epi ki te soti pou kont pa li “Ti Manman epi A Chak Fwa’’, 2 tit ki rekonèt yon siksè serye pandan pakou atis la pou ane 2022 a. Pandan li fè konnen nan plizyè entèvyou, 2023 a l ap plis prezan nan bouf yo.

Steeve J. Bryan : ki enpoze l a fon nan mouvman Trap Kreyòl la epi ki rete konsistan nan travay li yo te pwodiktiv anpil pandan ane 2022 a. Anplis kolaborasyon l sou plizyè lòt pwojè yo te envite l, pou kont pa l li te mete 5 mòso deyò pami yo, “Ti Kabrit ak I Ka Bon” 2 tit ki kontinye chofe entènèt la, sitou challengers Tiktok yo. Atis la fè konnen l ap fokis sou yon pakèt pwojè pou ane 2023 a, sou paj li yo nan plizyè live li fè, li bay kèk avangou sou plizyè mizik li pral anrejistre pami yo yon kolaborasyon ak chantez/rapez Scandy.

</div>

Pou gwoup tankou ;  Zafem, Vayb, Klass, Nu Look elatriye, pa t vrèman gen yon konsistans nan pwodiksyon yo, non sèlman konjonkti peyi a pa t pèmèt gwoup sa yo ateri yo an Ayiti, men tou, pa t vrèman gen yon fokis tou pou kapte zòrèy fanatik yo ak nouvo bagay.
N ap raple, pou Klass se ap yon ane pwodiksyon tou, malgre absans yo pandan ane 2022 a, ekip mizisyen Klass yo anonse “He Ha”, yon tit ki te fè eyap pap nan premye bal yo 21 janvye pase a nan lakou Sendomeng.
Witson Beaujour: Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.
Leave a Comment