Yon tranbleman tè fèb mayitid sekwe Nouyòk

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon tranbleman tè fèb mayitid sekwe nouyòk
Nan lwès metwopolitèn amerikèn nan, Nouyòk te anba alèt swit ak pasaj yon tranbleman tè fèb mayitid nan kòmansman semèn nan, ayè 06 fevriye 2023 a, bò 6è nan maten. Sa ki te lakòz genyen gwo kè sote pa bò kote popilasyon an ki pa twò abitye ak bagay sa.
Bò 6è 15 nan maten, yon seyis mayitid 3,8 sou echèl Richter, ki gen episant li nan lès Buffalo, nan banlye West Seneca, sekwe yon pati Eta sila. Sismològ Yaareb Altaweel deklare depi omwen 40 lane se pi gwo tranbleman tè rejyon sila anrejistre.
Sekous yo te resanti jis rive Kanada nan nò teritwa a, avèk yon mayitid 4,2, epi lejèman nan sid Ontario.
Ti tranbleman tè yo pa yon abitid pou popilasyon k ap viv nan nò Eta Nouyòk la, men se premye fwa yo santi youn fò konsa. Erezman li pa fè pyès dega enpòtan, daprè otorite yo.
Otorite sèvis jewolojik yo nan US Geological Survey endike tranbleman tè a pa gen okenn rapò ak sa k te fèt lendi maten an nan peyi Tiki ak Siri epi ki koute lavi ak omwen 3 mil moun, alòske rechèch yo ap kontinye an rezon chaje moun ki anba dekonm toujou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.