C. Ronaldo fè match la fasil pou Al-Nassr, li fè 4 gòl fas Al Wenda 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
c. ronaldo fè match la fasil pou al nassr, li fè  4 gòl fas al wenda 

Aprè 3 premye match ofisyèl C. Ronaldo ak Al-Nassr, Potigè a te gwo difilikte pou l jwenn wout gòl la. Jodi jedi a, ansyen jwè Real Madrid la fè 4 gòl epi depase 500 gòl li fè nan tout chanpyona li jwe nan karyè li. Tout gòl sa yo vini aprè koyekipye li Luiz te fè konnen “prezans C. Ronaldo rann match yo difisil” 

Se sou teren ekip Al Wenda, Ronaldo fè 4 gòl epi rann match la fasil pou ekip Al-Nassr a. 4 gòl sa fè ansyen jwè Manchester United la depase kantite gòl li fè nan zafè champyona (Premier League, Liga, Serie A, epi champyona sawoudyen an).

- Advertisement -
Ad imageAd image

Premye gòl Potigè a ta pral vini nan 21nyèm minit nan jwèt la, aprè Ghareeb te ba li yon pas, nan yon ti espas. Ak yon frap byen kwaze ak pye dwat li, Potigè a ta pran l fè yon double, aksyon gòl yo ta pral rive nan 41nyèm minit.

Sa pa ta pral rete la, paske jwè a ki pran Balon dò 5 fwa deja nan karyè li a pat satisfè, epi, li te pwofite montre Luis Gustavo, li ka rann match la fasil pou Al-Nassr. Nan 53zyèm minit, li ta pral fè yon 3zyèm gòl epi yon 4yèm nan 61nyèm minit.

Selebrasyon jwè a pa chanje aprè li te fin fè gòl li yo. 4 gòl sa yo fè Cristiano Ronaldo gen 5 gòl nan kalsman bitè champyona sawoudyen an.

N ap raple, dènye fwa jwè a fè tout gòl sa a, se te 10 septam 2019, fas ekip Lityani an. Sa fè 11zyèm fwa nan karyè Potigè a li fè 4 gòl.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive