Inisyativ “Fanm leve kanpe” ap prezante yon konsè nan dat 5 mas k ap vini la

inisyativ fanm leve kanpe ap prezante yon konsè nan dat 5 mas k ap vini la

Inisyativ Stéphie Pierre ki pote non ” Fanm leve kanpe” ap prezante yon konsè nan dat 5 mas k ap vini la, nan “Le Villate”. Nan entansyon pou aktivite sila a ka genyen plis popilarite, Barbara Cassamajor pibliye yon videyo sou rezo sosyal yo ki dire yon minit 5 segonn, kote li envite popilasyon an pou yo vin beni nanm yo espesyalman sipòtè l yo.
Daprè deklasyon l, li pa konseye pèsonn moun rate kokenn chenn selebrasyon espirisyèl sila a. Koz se yon pwogram k ap rich anpil ap gen plizyè atis espesyal tankou ; Wiliadel Denervil, Loutchina Décius, Eugène Pierre, Barbara Cassamajor, Tracy Anne Isaac ak plizyè lòt. Pri aktivite a se 1500 goud.
Malgre siyasyon an parèt vrèman sonm, men sa pa anpeche atis yo mete kò yo deyò pou yo kontinye bay BonDye glwa epi satisfè sipòtè yo. Paske misyon yo se ede popilasyon an travèse moman difisil yo atravè bèl pawòl ki nan mizik yo.
Menm si gen anpil sipòtè ki sanse pèdi lafwa, tèlman yo pa ka sipòte jan bagay yo ap vin pi mangonmen pandan dènyè jou sa yo. Yon lòt bò genyen ki vrèman swaf aktivite espirityèl sa yo, ki daprè yo, se sèl BonDye ki ka di yon mo pou Ayiti.
Malgre depi kòmansman ane 2023 a popilasyon ayisyèn nan ap monte yon kalvè, koz ensekirite a ki pa sispann vale tèren sou teritwa nasyonal la chak jou BonDye mete, men sa anpeche atis evanjelik yo kontinye ranpli misyon yo genyen an, kise bay BonDye glwa epi konsole sila ki vle dekouraje ak lavi a.
Kethia Saint Marc: Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.
Leave a Comment