Categories: SPORTS

Concacaf lanse yon nouvo fòma pou konpetisyon jèn yo nan rejyon an

Share
Nan okazyon lansman ofisyèl pwochen eliminatwa mondyal U-20 fanm yo nan rejyon an, Concacaf prezante nouvo fòma konpetisyon jèn yo, gason kou fanm, ki ta dwe kòmanse aplike apati mwa avril k ap vini la.
Nouvo fòma sa ki gen ladan l 3 faz, yon faz kalifikasyon, yon faz gwoup ak yon faz eliminasyon dirèk, pral ranplase sa ki la jounen jodia kote seleksyon jèn yo nan zòn lan pral gen posiblite jwe plis match konpetisyon nan kad eliminatwa mondyal yo.
Nan nouvo fòma sa, konpetisyon jèn yo, U-17 ak U-20 bò kote gason yo, ap gen pou kòmanse ak faz kalifikasyon an kote ap gen 6 gwoup ki fèt ak ekip ki klase 7èm jiska 41èm nan rejyon an avèk posiblite pou kantite ekip yo ogmante.
Yon faz k ap gen pou dewoule sou fòm yon tounwa kote tout ekip nan chak poul ap jwe youn kont lòt. Sis ekip k ap sòti premye yo ap kalifye pou pwochen faz la, faz gwoup yo, k ap òganize avèk twa poul 4 ekip kote y ap rejwenn 6 seleksyon ki pi byen klase yo nan rejyon an.
Nan dezyèm faz sa, de premye chak gwoup yo plis de meyè twazyèm yo ap gen pou kalifye pou kadefinal nan dènye faz la k ap fèt sou fòma eliminasyon dirèk k ap jwe sou yon sèl match kote 4 demifinalis yo ap kalifye pou Koup Dimond kategori jèn yo.
Bò kote medam yo, kategori U-17 ak U-20, se prèske menm chema a, twa faz eliminasyon, avèk premye an k ap fèt avèk 6 gwoup ki fèt ak ekip ki klase 3èm jiska 41èm nan rejyon an, toujou avèk posiblite pou kantite ekip yo varye.
Dezyèm faz la, menm jan ak pa gason yo, ap òganize sou fòm yon tounwa kote premye chak gwoup yo pral rejwenn de nasyon ki pi byen klase yo nan yon tounwa ak 8 ekip ki pral jwe nan 2 gwoup. Aprè tounwa sa, de premye ekip chak gwoup yo pral jwe faz eliminasyon dirèk nan 2 demifinal.
Pou kategori U-17 ak U-20 bò kote medam yo, Concacaf la ap bay twa plas kalifikasyon dirèk nan Koup Dimond kategori sa yo kote de finalis yo ak seleksyon ki genyen match twazyèm plas yo ap kalifye.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by