DJ Valmix jwenn liberasyon l yon ti tan aprè arestasyon l 

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
dj valmix jwenn liberasyon l yon ti tan aprè arestasyon l 
Plizyè ajan PNH te mete lapat sou Valéry Lerebours anpil moun konnen sou non ” DJ Valmix” jodi samdi 18 fevriye nan ayopò” Antoine Simon” nan vil okay nan depatman sid peyi a epi l rive jwenn liberasyon l yon ti tan aprè.
 DJ Valmix te jwenn 2 manda arestasyon, paske li te resevwa lajan pou 2 evènman, epi li pat onore kontra yo, se sa ki te koz arestasyon sila a.
Daprè enfòmasyon yo, li rive jwenn liberasyon l, yon ti tan aprè l fin gen yon antant ak responsab aktivite yo. Valmix te resevwa  lajan pou l te pèfòme nan 2 evènman, youn nan mwa jwen 2021 nan zòn “Cavaillon” epi lòt la nan mwa desanm 2022 nan vil okay, men li pat onore obligasyon l yo.
 DJ Valmix se yon pwodiktè mizik ayisyen, li se yon pèsonalite radyo epi yon DJ ki gen anpil talan. Depi 14 lane li te fè premye eksperyans li sou radyo “Caïbes FM “epi li deja gen yon bon eksperyans nan mond près la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.