Pwogram Biden: plis pase 11 mil migran deja rive nan peyi Etazini

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pwogram biden plis pase 11 mil migran deja rive nan peyi etazini
Joe Biden, Prezidan peyi Etazini an, te anonse  5 janvye 2023 a, posiblite pou imigran ki soti Ayiti, Nikaragwa, Kiba ak Venezyela antre legalman Ozetazini atravè yon pwogram Imanitè pwovizwa ki vize akòde jiska 30,000 pèmi chak mwa. Daprè sa Anbasad peyi Etazini nan Kiba fè konnen plis pase 11 mil  migran ki soti nan 4 peyi sa yo deja rive nan peyi Tonton Sam nan.
Vrèman vre, Anbasad Etazini nan Kiba, nan yon mesaj ki pibliye sou rezo sosyal Twitter a fè konnen ,Pwosesis  ki pèmèt Kiben yo resevwa otorizasyon pou vwayaje  nan peyi Lèzetazini epi rete pou jiska 2 zan ak yon pèmi travay  ap mache byen.
« Nan mwa janvye a, 11,637 moun ki soti nan peyi Kiba, Ayiti, Nikaragwa  ak Venezyela te rive legalman Ozetazini atravè pwosesis sa a »,  ekri anbasad ameriken an nan peyi Kiba.
Yon lòt bò, Anbasad la fè konnen aplikan yo pa dwe kwè manti kontrebandye yo. « Eseye antre Ozetazini ilegalman sa pral lakòz yon pwosedi depòtasyon epi yo pral pèdi opòtinite pou yo patisipe nan pwogram  sa ki gen siksè », konkli Anbasad  ameriken nan peyi Kiba, nan yon Tweet.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.