Categories: AN KREYÒL SPORTS

Martinelli ki selebre yon gòl san l poko mete boul la nan kan an

Share
Gabriel Martinelli ki ta pral make pou Arsenal nan viktwa (4-2) yo fè fas ekip Aston Villa a ayè samdi an, te kòmanse ak selebrasyon li yo avan menm li rantre boul la nan kan an ki te vid devan l.
Entènasyonal brezilyen an ki ta pral resevwa yon pas nan men Fabio Vieira sou yon kont atak nan 8èm minit tan adisyonèl match la, te rive nan kan ekip Aston Villa a pou kont li ak balon an kote prèske tout jwè ekip anfas la te monte sou yon kònè.
Nan pouse pou al chache egalizasyon (3-3) nan fen match la, ekip Unaï Emery an ta pral pito pran yon katriyèm gòl ki fè yo pèdi 4-2, lakay yo, fas Arsenal, avèk gòl sa Gabriel Martinelli ta pral make fasilman nan yon kan vid.
Akote remonte ekip Arsenal la fè an pou finalman  yo genyen match la, gòl entènasyonal brezilyen an pami aksyon ki make match sa kote depi avan li rantre nan sifas reparasyon Aston Villa a li te deja ouvri de bra l pou l selebre.
Yon viktwa ki enpòtan anpil pou Gunners yo, ki repase devan Manchester City nan tèt klasman an, aprè match nil Citizens yo fè fas Nottingham Forest, yon ekip ki monte nan premye divizyon sezon sa.
Gabriel Martinelli ki te ranplase Leandro Trossard nan 68èm minit match la, pwofite de erè defans Aston Villa a pou enskri 8èm gòl li nan Premier League la sezon sa sou 23 match li jwe.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by