Yon lòt tranblemanntè mayitid 6,4 frape Sid peyi Latiki

Par
Jacky Chery
Rédacteur
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.
- Rédacteur
yon lòt tranblemanntè mayitid 6,4 frape sid peyi latiki

Alòske otorite yo toujou poko fini ofisyèlman rechèch yo depi 6 fevriye an, yon lòt tranblemanntè mayitid 6,4 frape Sid peyi Latiki jodi lendi an, prensipalman nan pwovens Hatay. 

Rejyon sa nan Sid peyi Latiki ki pami zòn ki te plis touche nan dènye tranblemanntè 6 fevriye an, frape yon lòt fwa ankò jodi lendi an, daprè sa ajans sekou lokal Afad rapòte. 

 

Daprè ajans lan, episant nouvo tranblemanntè sa ki pase a 20h04 jodi lendi an nan lè peyi Latiki, te twouve l nan lokalite Defne, ta pral souke egalman kèk rejyon nan Nò peyi an, prensipalman Antakya ak Adana. 

 

Sekous yo nan nouvo tranblemanntè sa jodi 20 fevriye a lage atè yon seri batiman ki te andomaje aprè sa k te pase 6 fevriye an kote l pwovoke gwo panik bò kote popilasyon nan rejyon sa yo ki poko geri de dènye trajedi an. 

 

Daprè ajans sekou Afad, depi aprè tranblemanntè mayitid 7,8 sa ki te pase 6 fevriye an, peyi Latiki anrejistre plis pase 6,000 replik kote dènye bilan yo fè konnen genyen plis pase 41,000 moun ki pèdi lavi yo.

//
Sign Up for Our Newsletter

Subscribe to our newsletter to get our newest articles instantly!

[mc4wp_form id= »55″]

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.