Jurgen Klopp pran defans Vinicius pou pawòl rasis l ap sibi nan Liga a

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
jurgen klopp pran defans vinicius pou pawòl rasis l ap sibi nan liga a

Nan kad konferans pou laprès avan rankont Liverpool fas ekip Real Madrid la, pou 8tyèm final Champions League la, jodi lendi 20 fevriye a, Antrenè Liverpool la, Jurgen Klopp te pwofite pran defans Vinicius Jr, epi bay posizyon l sou konpòtman ak pawòl rasis star Brezilyen an ap sibi dènye tan sa yo nan peyi Espay.  

Rankont k ap mete Real Madrid bab pou bab ak Liverpool madi 21 fevriye 2023 a kòmanse chofe. Nan sans sa antrenè Liverpool la pa kache posizyon l sou vye pawòl ak chan rasis anpil ekip nan Liga a ap itilize kont Vinicius nan peyi Espay 

« Pa gen anyen nan mond lan ki jistifye vye pawòl ak chan rasis yo kont Vinicius. Se yon jwè klas mondyal, se deja yon lejand pou ekip Real Madrid la ak laj li.  M espere Vinicius pap afekte pou sa ekip enbesil yo ap di l yo » se sa antrenè alman an konnen 

Nimewo 1 Reds yo, pa neglije bay nouvèl sou Darwin Nuñez ki te soti blese nan rankont  fas Newcastle la pou week-end lan.« Wi gen  posibilite pou l ta jwe demen. Nou dwe gade jodi a kijan li ye, men m kwè l ap kapab jwe« .

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive