Categories: SPORTS

Daniel Alves ap kontinye rete nan prizon an pou l pa sove

Share
Tribinal gran enstans Barcelone lan rann jodi madi a òdonans li nan zafè Daniel Alves lan kote l otorize pou kenbe brezilyen an nan prizon jiskaske l ale nan pwosè, daprè sa jounal “Sport” rapòte.
Yon move nouvèl pou Daniel Alves ki fèmen nan prizon depi 20 janvye nan peyi Espay. Nan òdonans ki sòti nan kad dosye sa, tribinal gran enstans Barcelone lan voye jete demann liberasyon pwovizwa pou brezilyen an.
Baro avoka k ap reprezante Dani Alves nan kad dosye sa a te adrese yo ak tribinal lan pou pwopoze divès lòt mezi ki ta kapab toujou anpeche brezilyen an kite peyi Espay san l pa oblije rete fèmen nan prizon an.
Reprezantan ansyen jwè FC Barcelone lan te pwopoze pou tribinal lan ta anile paspò Daniel Alves, oblije l vin nan tribinal la chak jou oubyen fè l pote yon braslè elektwonik. Yon demann tribinal la voye jete akoz risk ki genyen pou brezilyen an ta sove.
Nan yon kominike ki sòti sou òdonans lan, tribinal lan fè konnen akoz gwo pèn Daniel Alves kapab pran nan kad dosye sa epi mwayen li genyen pou ta fè l kite peyi Espay nan nenpòt ki moman, oblije yo kontinye kenbe l nan prizon.
Daprè tribinal lan, si brezilyen an ta rive kite peyi Espay pou rann li lakay li nan peyi Brezil, lajistis espanyòl pa p ka al pran l pou retounen avè l. Daniel Alves akize kòmkwa li ta vyole yon jèn fanm 23 lane nan dat 30 desanm ki sot pase a nan yon klèb lannwit.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by