Categories: SECURITE

Lapolis danse talapta sou yon baz bandi nan Kap Ayisyen

Share
Pandan yon operasyon Lapolis mennen nan Nò peyi a, ayè dimanch 26 fevriye 2023 a, fòs lòd yo mete men nan pat kasav plizyè bandi k ap opere nan vil Okap. “Bòy”, anpil moun konnen kòm chèf baz la, bwè dlo bouch li pandan operasyon sila a nan echanj kout zam ak ajan fòs lòd yo.
Lapolis anonse sou paj ofisyèl li jodi a, plizyè inite nan PNHH la mennen yon kokenn chenn operasyon nan vil Okap ayè dimanch 26 fevriye a, andedan yon baz k ap simen tawoublay nan “Cité du Peuple” ak “Cité Chauvel” presizeman nan rantre Sid Okap la[…] Omwen 6 nan prezime gang sa yo jwenn arestasyon yo, chèf enstans kriminèl la, ki rekonèt sou non “Bòy”, danse anba plizyè kout bal pandan operasyon sila a. Li te gen nan men l yon zam kalib 38.
Operasyon sa a te gen nan tèt li plizyè inite nan PNH/Nò a tankou ;  (SDPJ/UDMO/BI-CAP), espesyalman nan zòn “Cité du Peuple” epi “Champin” 2 katye sa yo chita nan rantre sid Okap.
Pandan menm operasyon sa a, yo te arete 6 manm aktif gwoup sa a, epi yo te sezi 16 pake nan yon pwodui ki sanble ak marigwana.
N ap raple, chèf baz la anpil moun konnen sou non “Bòy” (ki mouri pandan operasyon an) , ansanm ak plizyè nan akolit li yo (ki arete), fè pati yon gang k ap chache teworize popilasyon an nan katye “Cité du Peuple” ak “Cité Chauvel”. Lapolis relate mesye sa yo enplike nan plizyè zak malonèt tankou ;  sasinay, vòl, kidnapin elatriye.
Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by