Ekonomis Etzer Emile resevwa pri  » Leslie François Manigat » 2023 a

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
ekonomis etzer emile resevwa pri leslie françois manigat 2023 a

FOCUJEP an kolaborasyon ak  » Réseau Des Jeunes » nan kad premye edisyon pri « Leslie François Manigat De La Personnalité de L’année », te ofri ayè dimanch 26 fevriye 2023 a, yon plak nominasyon ak Ekonomis Ayisyen an, Etzer Emile. Daprè responsab 2 estrikti sa yo, pri sa se yon pri ki vize ekselans, entegrite ak onètete elatriye.

Pou Premye edisyon pri « Leslie François Manigat De La Personnalité de L’année » a, ekonomis Ayisyen an Etzer Emile ki te prezan nan seremoni an, fè konnen se ak anpil emosyon li resevwa pri sila a.

« Se ak yon santiman imilite, m ap resevwa pri sa a, lefètke yo asosye non m ak yon moun ki si eksepsyonèl nan listwa peyi a, Leslie Manigat », te deklare ekonomis lan nan mikwa NetAlKole Média, tout pandan li te kontinye pou li fè konnen  » se ak yon gwo satisfaksyon mwen resevwa pri sa tou, paske sa fè m plezi lefètke gen anpil moun ki ap swiv travay m ap fè. Pri sa a vle di pou mwen pou m kontinye, li vle di pou mwen tou pou m kontinye enspire jèn yo k ap suiv mwen epi travay m ap fè. »

Nan sans sa, ekonomis lan fè konnen pri sa a li resevwa se youn nan bagay ki bal fòs, ki mete lwil nan motè l pou l ka kontinye travay l ap fè a chak jou pi plis. Yon lòt, bò Etzer Emile te di tou travay l ap fè pa oblije gen yon rekonpans lajan, men chak fwa li jwenn moun apesye travay li, li santi l rekonpanse.

Pou prezidan FOCUJEP la, Mesye Laurent Nelcinio, pri « Leslie François Manigat De La Personnalité de L’année », se yo pri ki vize ekselans, se yo pri ki gade kesyon entegrite, ki gade konpotans pèsonalite sa pandan lane a. Daprè sa prezidan estrikti a fè konnen, aprè tout analiz yo se ekonomis lan ki te ranpli tout kritè yo.

Li enpòtan pou note, plis nou rekonèt valè pèsonalite piblik Ayisyen yo k ap fè bon bagay nan peyi a, sa vle di bagay ki pozitif nan peyi a, se plis nan mete limyè ak lespwa sou peyi d Ayiti.

Facebook Comments

TAGGED:
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.