Categories: AN KREYÒL SPORTS

Olympique Marseille ap chèche “Coupe de France” la depi 1989

Share

Aprè yon rakle fas ekip PSG a (3-0) nan Ligue 1 an, ekip Marseille la ap jwe jodi mèkredi a fas Annecy nan kadefinal “Coupe de France” aprè yo te fin elimine Paris Saint-Germain (2-1). Objektif la pou Marseille se al chache tit la aprè 34 lane.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Depi 1989 ak Jean-Pierre Papin, ekip Marseille la te pran “Coupe de France” lan sou ekip Monaco (4-3) a, aprè Mbappé ak Messi te fin maspinen ekip yo a nan Ligue 1. Jodi mèkredi a Marseille pral chache reprann li fas ekip Annecy a ki 10zyèm nan Ligue 2 a.

“Coupe de France” lan se youn nan pi gwo objektif ekip OM nan, epi batay pou yon plas pou Champions League sezon kap vini an. Nan yon konferans avan match la, Igor Tudor, ki se antrenè klèb maseyè a te pale konsa nan mikro laprès.

“M pa janm pale sou klasman ak objektif, m toujou pale sou match k ap vini an, sou progresyon ekip la”. Se sa antrenè Marseille la fè konnen jodi mèkredi a avan kadefinal la fas ak ekip Annecy a.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Ligue 1 Ligue 2 Marseille sports