Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Bandi ak zam mete dife nan Soukomisarya Fort-Jacques la

Share
Gwoup ame yo kontinye ap montre fòs yo. Nan sware mèkredi 2 mas la, bandi ak zam ki ta nan baz « Kraze Baryè» mete dife nan Soukomisarya Fort-Jacques la, daprè sa plizyè videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo montre.
Yon lòt enfrastrikti Lapolis viktim zak teworis gwoup ame yo nan rejyon metwopolitèn lan. Bandi k ap opere nan komin Kenskòf lan pase anba dife Soukomisarya Fort-Jacques la ki, nan moman zak sa, pa t gen polisye.
Bandi « Kraze Baryè » yo k ap kouri pou fòs lòd yo nan Pènye, tabli baz yo nan komin Kenskòf, zòn Fort-Jacques kote depi plizyè jou y ap teworize popilasyon an.
Gwoup gang sa ki gen nan tèt li Vitelhomme Innocent Lapolis ak tout FBI ap chache, kontinye ap komèt tout kalite zak malonèt kote pandan mwa janvye ki sot pase an yo te deja kraze plat Soukomisarya Pènye an.
Annatandan kominikasyon ofisyèl yo sou sak pase nan lannwit mèkredi premye mas la, imaj yo espas Soukomisarya Fort-Jacques la tou nwè epi vid aprè zak sa kote temwanyaj yo pa mansyone si gen viktim nan kad atak sa.
Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by