João Mendes de Assis Moreira, pitit lejann brezilyen an Ronaldinho, rejwenn ofisyèlman ekip FC Barcelone lan kote l pral gen pou jwe nan kategori jèn katalan yo.
Blaugrana yo ofisyalize jodi jedi 2 mas lan rive nan klèb katalan an João Mendes, 18 lane, ki pral gen pou rejwenn Masia a aprè l te fin eseye nan mwa janvye ki sot pase an.
Pitit gason ansyen atakan FC Barcelone lan ki pral gen pou jwe sou koulè U-19 katalan yo, sou wout pou swiv tras papa l ki te fè bonè blaugrana yo nan lane 2003 pou rive 2008.
João Mendes ki te pase nan akademi brezilyen Paris Saint-Germain an lè l te pi jèn, ta pral rapouswiv fòmasyon li an nan Cruzeiro nan peyi Brezil, klèb li ta pral kite nan mwa janvye ki sot pase an pou rejwenn FC Barcelone.
Dirijan katalan yo siyen pitit lejann brezilyen an aprè satisfaksyon yo jwenn pandan peryòd li t ap eseye yo nan klèb la pandan mwa janvye an. João Mendes pral kapab rapouswiv fòmasyon li an nan Masia a.
Ronaldinho Gaucho, atakan brezilyen an pami jwè foutbòl ki make istwa blaugrana yo kote pandan 5 sezon li pase nan katalòy lan li te reyisi mennen FC Barcelone nan pi wo nivo foutbòl ewopeyen an avèk sitou yon Lig dè Chanpyon nan lane 2006.
Facebook Comments