AN KREYÒLARTCULTURELOCALMUSIQUE

10 Atis fanm revize albòm Lakou trankil Belo a

Nan okazyon jounen entènasyonal dwa fanm ki toujou fèt chak 8 mas, 10 atis fanm deside rechante mizik ki sou albòm « Lakou Trankil » atis Belo te sòti nan lane 2005. Nouvo projè sa pote non « Fanm  Lakou Trankil » l ap disponib 8 mas 2023 sou tout platfòm yo.
Yon nouvèl Belo anonse sou chèn YouTube li. Jean Belony Murat, nou tout konnen sou non Belo fè konnen, 10 bon chantez  ap reprann  mizik ki sou albòm li an « Lakou Trankil » ki te parèt nan lane 2005 epi fè afè pa yo ak tout orijinalite yo.
Nouvo projè sa ki fèt 18 lane aprè sòti albòm orijinal la . Daprè Belo ki te sipèvize anrejistreman ak prodiksyon projè sa nan okazyon anivèse albòm lan, objektif la se pa sèlman pou vann albòm li an, men pito pou pèmèt piblik la dekouvri kapasite atis fanm yo epi ba yo plas yo merite nan milye mizikal ayisyèn lan.
Shoomy, Queen Bee, Alexa, Slooze, Wiliadel Denervil, Francheez, Sherlee Skai, Talaina Lindor, Mide, Talie Cerin se atis sa yo k ap gen pou depoze vwa yo sou albòm revizite sa a. Daprè  kominike pou laprès la, chantez sa yo chwazi pou talan yo, orijinalite yo, san nou pa bliye angajman yo pou fè promosyon pou mizik lakay.  Menm pochèt albòm sila se travay yon lòt atis fanm ki rele Christina Shutt.
Pou plis detay sou pwojè sa a, ou kapab vizite lyen sa a : http://www.fanmlakoutrankil.com
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média