Categories: AN KREYÒL SPORTS

Yon rekò pou Jonathan David ki pran tèt klasman meyè bitè Ligue 1 an

Share

Atakan kanado-ayisyen an, Jonathan David, vini meyè bitè iswta ekip Lille lan sou XXIèm syèk la avèk 50 gòl kote li depase jodi vandredi an Eden Hazard ki te gen rekò sa avèk 49 reyalizasyon.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Gras ak triple sa li enskri jodia nan match nil (3-3) ekip Lille lan fas Olympique Lyonnais an, atakan entènasyonal kanadyen an rantre pi fon toujou nan istwa ekip lilwa a lè li egale epi depase atakan bèlj la.

Jonathan David k ap fè yon trè bon sezon sou plan endividyèl avèk ekip Lille lan, prensipalman nan Ligue 1 an, vini premye jwè depi anviwon 40 lane ki atenn chif 50 gòl sou koulè klèb lan.

Avèk twa gòl sa yo li enskri jodi vandredi an, jèn atakan kanado-ayisyen 23 lane an, non sèlman depase Eden Hazard kòm meyè bitè istwa lilwa yo sou XXIèm syèk la, pase devan Kylian Mbappé nan tèt klasman bitè Ligue 1 an.

Aprè 27 jounen chanpyona, Jonathan David pran tèt klasman meyè bitè Ligue an avèk 19 gòl kote l depase atakan Paris Saint-Germain an, Kylian Mbappé avèk 18 gòl e k ap gen pou jwe demen samdi an.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Ayisyen bitè Eden Hasard Jonathan David Kanadyen Kylian Mbappé Ligue 1 Lille Olympique Lyonnais psg