Enstalasyon yon nouvo Direktè Egzekitif nan Lopital Jeneral

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
enstalasyon yon nouvo direktè egzekitif nan lopital jeneral

Doktè Jude Milcé enstale ayè Vandredi 10 Mas 2023 a, nan tèt Direksyon Egzekitif Lopital Inivèsite Leta d Ayiti (HUEH), li ranplase Doktè Jessie Colimon Adrien nan pozisyon sa a. Nouvo Direktè a pran pòs sila, nan moman kote lopital la ap fè fas ak yon gwo kriz, kote Medsen rezidan yo preske gen 3 mwa depi yo antre an grèv.

Doktè Jude Milcé pran pòs sila, nan yon moman kote pi gwo sant lopital nan peyi a nan kriz, akòz grèv endefini doktè rezidan yo te lanse depi nan mwa desanm, nan lane ki sot pase a, nan lide pou yo te mande yon ajisteman nan depans fonksyònman yo ansanm ak pi bon kondisyon travay, elatriye…

- Advertisement -
Ad imageAd image

Vrèman vre, Doktè rezidan Lopital Inivèsite Leta d Ayiti (HUEH), te fè grèv depi 22 desanm 2022 a, kidonk tout aktivite anndan entitisyon sanitè sa te paralize. Doktè sa yo ki te antre an grèv, t ap reklame yon pi bon kondisyon travay, an patikilye materyèl pou yo travay ak amelyorasyon nan distribisyon kouran elektrik pou trete malad yo anndan lopital la.

Daprè sa anpil nan yo te fè konnen, Lopital la nan yon sitiyasyon ki trè konplike ki trè almant, Doktè yo ap travay nan yon espas ki chaje ak rat ak sourit ladanl. Se sak fè, Doktè Rezidan yo nan Lopital Inivèsite Leta d Ayiti te di, si nan yon Lopital nòmalman ou dwe trete maladi, ebyen nan Lopital Jeneral ou kouri risk pou trape maladi pito.

Nan lide pou apeze mouvman an epi kòmanse chita pale pou leve grèv la ki te dire twò lontan, yon nouvo Direktè Egzekitif te enstale vandredi 10 mas 2023 a, nan tèt Lopital Jeneral. Se Doktè Jude Milcé, li ranplase nan pòs sa, Doktè Jessie Colimon Adrien ki te kenbe pozisyon sila pandan plizyè lane.

Bò kote pa l, nouvo Direktè Egzekitif Lopital Inivèsite Leta d Ayiti (HUEH) a, pwomèt pou l fè travay ki merite pou eseye retabli imaj enstitisyon sante a pou soulaje doulè pasyan yo, tout pandan li pwomèt l ap kontinye chita pale ak Medsen rezidan yo pou yo kapab jwenn yon akò, nan lide pou re mete Lopital Jeneral sou pye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.