Categories: AN KREYÒL NÉCROLOGIE

Fineray evèk Jean Robert Joseph, nèg ak zam te sasinen Pèleren 2

Share
Se jodi madi 14 mas 2023 a, antèman evèk Jean Robert Joseph,  nèg ak zam te sasinen ak katouch 8 mas pase a nan lari Pèleren 2, te chante nan legliz Tabernacle De Jésus Christ a. Fanmi, zanmi p at ka kenbe kriye, viktim nan ki loje l nan sèkèy li, te resevwa yon dènye omaj byen merite.
Jean Robert Joseph fèt yon 17 juin 1978, li mouri sasinen 8 mas 2023 pase a ak 45 lane, se nan aprè midi, nan moman li t ap soti nan penitans li, pastè Jean Robert jwenn lanmò li, anba plizyè pòtray nèg ak manch long nan men yo.
Esther Joseph, premye pitit li, p at ka kanpe fèm pou kòmanse biyografi papa l, ki mouri kite manman l Neriline Nestor Joseph ak 3 frè li, Widmaer Joseph, Boris Joseph epi Nikens Joseph. ” Papa m se te yon moun tout moun, biznis li se biznis tout moun, papa m pa janm bare moun, li te toujou konn ap di nou pa enkyete nou de li, menmsi anpil je pa t vle wèl, paske plas li se kot Wa a li ye”, te site premye pitit li a, pandan li te pwofite pou l di, lanmò papa l pa p rete san jwenn jistis.
N ap raple, evèk Jean Robert Joseph t ap dirije misyon legliz “Pentecôtiste Lumière De La Sainteté” a, malfektè ak zam etenn souf antreprenè a, malerezman, poko gen limyè ki fèt sou dosye sila a.
Ou kapab tande omaj sa a, Gabriel Emmanuel rann ak defen an, nan yon podcast, ki pote non 1PAK.
Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Insecurite