Categories: AN KREYÒL SPORTS

Yon lòt manda pou Gianni Infantino kòm prezidan FIFA

Share
San sipriz, Gianni Infantino retounen eli kòm prezidan pi wo enstans k ap jere foutbòl mondyal la, FIFA, avèk yon nouvo manda k ap pran fen jiska 2027.
Swis lan ki te sèl kandida nan eleksyon sa pou ranplase pwòp tèt li, pa t bezwen vòt pou nouvo manda sa kote prensipal responsab yo te sèlman gen pou aplodi l e ba l nouvo manda sa nan tèt asosyasyon an.
Gianni Infantino ki te ranplase Sepp Blatter nan tèt FIFA an 2016, pran jodi jedi an yon dezyèm manda k ap gen pou bout an 2027 kote l deja fè anpil pwomès ak diferan konfederasyon yo.
« Angajman m yo anvè nou menm dirijan yo ap rapouswiv. Mw ta renmen raple nou foutbòl la se lajwa, bonè, pasyon, lanmou ak lapè », yon pati nan deklarasyon Swis la avan ofisyalizasyon re-eleksyon li an.
Gianni Infantino, avèk nouvo manda sa, pral gen pou patisipe nan divès refòm k ap fèt nan foutbòl la, pami yo, pwochen Koupdimond lan ki pral gen pou òganize pou yon premye fwa avèk 48 ekip.
Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: 2016 2027 bonè Coupe du monde Elwksyon fifa Football Gianni infantino Konfederasyon lajwa lanmou lapè Mondiale pasyon Sepp Blatter Suisse