Karim Benzema ap prezan pou klasiko a fas ekip Barcelone nan

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
karim benzema ap prezan pou klasiko a fas ekip barcelone nan

Nan kad 8tyèm final retou Champions League la fas ekip Liverpool la, Real Madrid bat 1-0 gras ak Karim Benzema. Balon dò 2022 a ki te soti blese nan rankont lan, aprè l te fin touche nan tibya li, ap prezan pou klasiko a fas ekip Barcelone nan, dimanch 19 mas 2023.

Aprè soti Karim Benzema fas ekip Liverpool la, yon match ki fini sou menn rezilta final Champions League sezon pase a (1-0). Madrilèn yo ki te enkye pou blese atakan yo a, kapab respire aprè deklarasyon ansyen jwè Lyon an ak antrenè li, Carlos Ancelotti fè aprè rankont lan. entènasyonal fransè a ap prezan nan klasiko a dimanch 19 mas.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè rankont lan, Benzema te rasire fanatik Real Madrid yo konsa :  » Blese? M pran yo ti bobo nan tibya mwen, se pa yon bagay grav, m trankil ». Yon lòt bò, C. Ancelotti te deklare :  » se yon ti kou li pran, se vre sa deranje l, men m kwè lap kapab prezan dimanch ».

Barcelone ki gen tèt klasman Liga a, pral chache grandi eka ak 12 pwen sou ekip Real la, koyekipye Benzema yo pral batay pou redwi eka ak 6 pwen. Posibilite pou yo pran revanch yo tou, pakse 2 dènyè klasiko pou ane 2023 te fini nan avantaj Catalan yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive