Categories: NETALKOLE

Okenn ka kidnapin pa siyale nan Kapital peyi a depi lendi

Share

Popilasyon Ayisyèn nan te lanse yon lachas kont bandi ak zam nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ki ap teworize popilasyon an depi kèk tan, sitiyasyon sa ki te vin pi gran nan dènye jou sa yo. Men sepandan, depi aprè mouvman sila a Popilasyon an te lanse a, ka kidnapin yo te diminye nan Kapital peyi a.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Depi popilasyon an te lanse lachas bandi nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, pa gen okenn ka kidnapin ki te rapòte bay Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) a, te rapòte Radio Métronome, tout pandan li presize, se pou premye fwa depi kòmansman ane 2023 a peyi a anrejistre “zewo kidnapin” nan anviwon yon semèn.

N ap raple kòmansman semèn sa, Popilasyon Ayisyèn nan te leve ak yon santiman revòlt kote yo te tiye, boule plizyè sivil ame, nan kèk zòn nan Kapital peyi a. Vrèman vre, plis pase ven sivil ame te pèdi lavi yo ant lendi 24 avril ak madi 25 avril 2023 a.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: 24 avril 2023 25 avril 2023 ayiti kidnapin lachas bandi PNH Popilasyon Ayisyèn Pòtoprens Radio Métronome zewo kidnapin