Si gen rapè se hit ak lajan yo fè depi lè yo kòmanse karyè yo yap konte, NBA YoungBoy limenm non selman ap konte hit ak lajan, men l ap konte pitit tou. 28 septanm pase a, rapè a te fè konnen li gen yon dizyèm pitit
Bon non li se Kentrell DeSean Gaulden men tout moun konnenl sou non atis li ki se NBA (Never broke again) YoungBoy. Misye ta sanble pran twò oserye pawòl ki nan jenèz premye vèsè 28 la ki di « se pou nou fè pitit, miltipliye ak ranpli la tè » a, paske a 22 lane, li fè konnen li gen 10 pitit avek 7 fanm. Youn nan fanm sa yo se pitit boksè Floyd Mayweather.
Moun toujou di misye se yon iresponsab, men rapè a pa janm rate yon okazyon pou l afiche l sou rezo yo avek latriye pitit li yo. Jèn gason sa te gen premye pitit li a 16 lane. Pifò nan timoun li genyen la yo, se yon relasyon yon nwit ak yon fanm ki ba li yo. Yo rankontre, yo fè bagay epi ansent mete pye men li pran responsabilite l e si li pata finn kwè pitit la se pou li, li mande fè yon tès ADN.
4 septembre 2022 an, NBA YoungBoy te poste yon foto yon fanm ansent sou rezo sosyal yo, tout moun te konprann oubyen sispek menm misye ta pral gen yon lòt bebe. 28 septanm nan li konfime li gen yon lòt pitit ki fet, sa fè l yon total 10 pitit e se dezyèm nan li genyen ak fiyanse li Jazlyn Mychelle.
Si misye kontinye konsa, l ap ka fè pwòp ekip foutbòl pal!!
Se grann rapè a ki te fè edikasyon l paske papal te kondane pou l pase 55 lane nan prizon poutèt yon brakaj. Jenès YoungBoy te yon jan difisil e misye te mete tèt li nan anpil pwoblèm ak lajistis. Li te kite lekòl a 14 lane epi li vinn lage l nan fè mizik. Misye vinn popilè nan lane 2017 gras ak mizik ki rele « Untouchable » la epi avek « Outside today » ki sòti nan lane 2018.
Facebook Comments