47 fanmi toujou ap viv san manje, san asistans Leta andedan Sant Espòtif Kafou a 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
47 fanmi toujou ap viv san manje, san asistans leta andedan sant espòtif kafou a 

Sitiyasyon moun bandi san fwa ni lwa nan zòn Matisan ak Fontamara te fòse kite kay yo toujou konplike andedan sant Espòtif Kafou a, omwen 47 fanmi ap viv san manje, san asistans Leta a ni enstans ki la a pou fè respekte dwa moun nan peyi a. Toujou nan kad yon dosye espesyal NetAlKole Media te fè yon kout pat andedan Sant sila a. 

Sa fè deja yon lane depi bandi ak zam ki achte katye matisan ak Fontamara ak lajan kontan te chase divès malere ak malerèz ki tap chache pen kotidyen nan zòn sa  yo, aprè gwo afwontman ki te opoze 2 gwoup gang sa yo 1ye jen 2021 an « Tibwa ak Gran Ravin » sou pretèks pou gen kontwòl plis tèritwa, plis pase 2 mil fanmi te blije abandone patiraj yo pou al pase mizè andedan yon Sant Espòtif ki sitiye l nan komik Kafou. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi nan lakou a, te gen yon silans total, se kèk jwè foutbòl ki konn  vin antrene nan Sant lan ki konn kreye ti anmizman paske moun yo pa vrèman gen yon sousi pou sa. Nan espas ki rezève pou yo a se yon sèl pèsonaj 64 lane nou te remake ki tap bouyi yon ti diri blanch pou 47 fanmi sa yo ki rete nan sant lan. « Se konsa nou viv, paske pa gen mwayen, se yon pwochen ki banm ti kichòy sa a, kounyea map bouyi l la, nou tout pwal manje ladan l», te deklare pèsonaj la. 

Aprè anpil bat bouch ak sitwayen yo, yo pat met dlo nan bouch yo pou te eksplike nou kijan òganizasyon yo pwosede ak resansman pou wete kèk moun nan sant lan, selon sa a yo fè konnen, se te OIM ki se « Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon » ak AVSI, ki te prensipal soutyen yo, se yo menm ki te konn ba yo manje, dlo, kabann, dra, jwèt pou timoun, akseswa ijyenik, elatriye[..] Kèk fwa tou ansyen majistra komin Kafou a Jude Hedouard Pierre, konn reponn ak kèk bezwen, tout sa yo se pandan 2 mil fanmi yo te nan sant lan. 

Aprè gwo resansman sa yo te fin fèt pou wete kèk fanmi nan sant lan, anpil nan rès yo te blije reziye yo tounen lakay yo Fontamara akòz neglijans ki te vin genyen nan resansman yo, « OIM ak AVSI fè kèk resansman vre, men se bagay moun pa ki tap regle, lè yo fè resansman yo se ti zanmi ki jwenn privilèj la» deklarasyon mesye Renald ki se youn nan moun ki toujou ap viv andedan sant lan. Selon sa li di tou, anpil moun pase sou moun ki te gen randevou ak ti kat nan men yo. 

47 fanmi ki rete yo, se reziye yo reziye yo bouche nen yo bwè dlo a, sitwayen yo fè konnen genyen plis pase mil (1000) fanmi swa ki retounen lakay yo oubyen ki al nan vil pwovens yo, genyen tou se Sendomeng yo al degaje yo. 

Kondiyon lavi 47 fanmi sa a yo pa bon menm, moun yo se ak dlo basen san trete yo fè bezwen yo, manje, bwè, benyen, lave poun site sa a yo sèlman, ata medam yo se ak dlo sa a yo pwòpte pati jenital yo, « anpil nan nou gen gwo enfeksyon, timoun yo gen gratèl, akòz nou paka jwenn bon dlo pou nou sèvi, se dlo basen an nou jwenn, se avèk li nou fè tout bezwen nou» te deklare manman youn nan 47 fanmi yo. 

Yo gen plizyè mwa ap viv nan kalamite sa a,  malgre pwomès sou pwomès ki fèt sou deplase yo oubyen ofri yo yon vi liks, se te pale met la. Anpil pèsonaj ki gen pwoblèm sante ap viv nan move kondisyon andedan Sant lan, divès jenn gason ki gen pòtray paka travay menm yon biznis yo pa ka fè akòz bagay yo ki pa twò bon pou yo. Nan sans sa a yo mande pou Leta voye yon rega sou yo, ministè zafè sosyal pa rache yon pawòl pou yo, men yo toujou ap viv ak lespwa yon jou solèy la ap klere pou yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.