Afwontman gang yo nan Savyen : 4 moun deja mouri

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
afwontman gang yo nan savyen 4 moun deja mouri

Bandi ak gwo zam fann fwa ki soti nan kowalisyon Jean Denis ak baz « Gran Grif » anba depatman Latibonit lan deja lakòz lanmò 4 moun nan popilasyon an depi kòmansman afwontman sa. Dènye tan sa yo prèske tout zòn ap mache chèche gang pou dechouke. Menm manm yo nan kowalisyon Jean Denis an akonpaye ak lòt sivil ap chèche dechouke manm gang « Grand Grif » yo k ap kreye yon klima laterè nan depatman Latibonit depi yon bon bout tan. Enfòmasyon yo ta fè kwè gen deja pou pi piti 4 moun nan popilasyon an mouri nan yon afwontman ki tabli lòtbò a ant gang ak zam yo nan Savyen.

Poko gen pyès detay si gen blese oubyen manm gang ki mouri, toutfwa redaksyon an an kontak dirèk ak plizyè sous fyab. Plis enfòmasyon ap vini nan yon pwochen atik.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.