Ayè jedi 25 me a, an Repiblik dominikèn, fòs lòd yo kenbe yon machin SUV ki te gen anndan l 6 konpatriyòt ayisyen ki pa gen papye. Se 2 sitwayen dominiken ki t ap transpòte yo ilegalman, nan minisipalite Baní, pwovens Peravia.
Yon rapò preliminè fè konnen Dominiken yo t ap fè trafik migran san papye sila yo nan yon machin Jeep, ki make Kia Sorento LX 4×2, nimewo plak la se 0474781. Yo arete yo nan moman yo t ap rann yo nan peyi Repiblik Dominikèn.
Idantite Dominiken ki enplike nan krim sila se Geudy Isaac de los Santos Morillo, ki te avèk Esmelin Galván Valdez ki gen nasyonalite dominiken tou. Enfòmasyon yo fè kwè machin lan pa t pou yo. Daprè rechèch ki fèt yo, machin lan ta anrejistre sou non Yris Eugenio Rodríguez, yon rezidan dominiken.
Yo te mennen Ayisyen san papye yo, chofè a, asistan li ak tout machin lan nan katye jeneral detansyon Gwoup travay konjwen ak entè enstitisyon yo ki nan Los Pilones de Azua, epi yo te transfere yo nan Haina Vacation pou pouswit nesesè yo.
Facebook Comments