Alòske D-Fi Powèt Revòlte pran retrèt, li anonse yon lòt konsè

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
alòske d fi powèt revòlte pran retrèt, li anonse yon lòt konsè

Malgre li sispann anrejistre mizik ak pataje pwojè, D-Fi Powèt Revòlte pa vle rete lwen sèn mizikal la. Aprè konsè li te fin fè 17 Desanm 2022 a, rapè a anonse yon lòt konsè pou mwa k ap vini la a. Se nan vil Senmak atis la pral pèfòme fwa sa. 

D-Fi Powèt Revòlte se youn nan rapè ki make epòk li. Rapè kolektif Powèt Revòlte a soti plizyè pwojè ki fè siksè jiskaske li te deside kanpe karyè solo l nan fen lane 2019 aprè doub albòm ROD la. Malgre li pa soti okenn pwojè solo depi lè sa, powèt la toujou òganize konsè pa l e pèfòme detanzantan. Pwochen konsè l la ap fèt 25 Fevriye k ap vini la a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan dat sa a, fanatik D-Fi nan vil Senmak yo ap gen opòtinite wè atis la k ap jwe devan yo nan Le Troquet Café Théâtre (Nisa Club) apati de 6è nan aprèmidi. Y ap bezwen 500 goud pou yo jwenn aksè ak sal la. Konsè sa ap fèt kèk tan avan Festival Mozayik la k ap gen pou l tanmen nan menm lokalite a. 

17 Desanm 2022 a, atis la te òganize yon konsè ki te fèt Chez Bibi. Se te yon bèl evennman. Nan mitan karyè sa, D-Fi kontinye ap jere labèl Evaszyon Mizik la. Labèl la fenk anonse nouvo pwojè l ki se yon doub EP Opak ap soti. L ap parèt premye mas ane sa. Non pwojè a se Kontras. 

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.